BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/06 p. 3
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2006
Ministè Wayòm nan — 2006
km 7/06 p. 3

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an jiyè ak out : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire ? Existent-ils vraiment ? ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; oswa “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”. Septanm : Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ? Oubyen nou ka ofri liv La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? Oktòb : Toudegad ak Réveillez-vous ! Si moun n al vizite yo enterese, ofri yo bwochi Kontinye veye ! a.

◼ Apati mwa septanm, siveyan sikonskripsyon yo ap bay diskou ki gen kòm tèm : “ Ki repitasyon ou genyen devan Bondye ? ”

◼ Kontrèman ak lòt peyi yo k ap etidye liv La Révélation : le grand dénouement est proche !, ann Ayiti, n ap etidye liv Adore sèl vrè Dye a apati semèn 8 janvye 2007.

◼ Lè y ap voye aplikasyon pou sèvis pyonye pèmanan nan biwo filyal la, li ta bon pou yo fè sa omwen 30 jou anvan dat moun nan prevwa kòmanse a. Sekretè kongregasyon an dwe verifye fich la pou li sèten li ranpli nèt. Si moun ki fè aplikasyon an pa ka sonje dat egzak li te batize, l ap bay yon dat apeprè e apre sa l ap ekri dat sa a yon kote. Sekretè a ap note dat sa a nan fich Aktivite pwoklamatè a (S-21).

◼ Sekretè kongregasyon an ap verifye pou wè si gen yon lèt nominasyon (S-202) pou chak pyonye pèmanan ki nan kongregasyon an. Si gen pyonye yo pa gen lèt pou yo, yo dwe ekri filyal la pou yo fè konn sa.

◼ Envantè stòk piblikasyon ak peryodik nou genyen yo ta dwe fèt 31 out 2006, oubyen osito sa posib apre dat sa a. Envantè sa a sanble ak verifikasyon kowòdinatè piblikasyon an abitye fè chak mwa. Y ap ekri total peryodik yo jwenn yo nan fòmilè Inventaire des publications (S-18). N ap jwenn total peryodik ki disponib yo nan men sèvitè peryodik la. Se sekretè kongregasyon kowòdinatris la k ap sipèvize envantè a. Se li menm ak tout siveyan prezidan kongregasyon kowòdinatris la k ap siyen fòmilè a. Chak kongregasyon kowòdinatris ap resevwa twa fòmilè Inventaire des publications. Tanpri, voye fèy orijinal la bay filyal la 6 septanm pou pi ta. Konsève yon kopi nan dosye nou. Twazyèm kopi a ap sèvi kòm bouyon.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje