Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an novanm : Ofri liv Konesans lan oswa bwochi Bondye vle a. Si moun nou rankontre yo deja gen piblikasyon sa yo, ofri yo liv Adorez Dieu a oswa yon ansyen piblikasyon. Desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Si pa genyen l, nou ka ofri La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? ; Liv istwa biblik mwen an ; oswa liv Konesans lan, si kongregasyon an genyen l. Janvye : Nenpòt liv ki te parèt anvan 1991 kongregasyon an genyen nan stòk li. Si nou pa gen youn ladan yo, tcheke pou n wè si kongregasyon nan zòn nan pa genyen nan liv sa yo ki rete nan stòk pa yo. Si gen kongregasyon ki pa gen ansyen liv sa yo, ofri liv Konesans lan oubyen bwochi Kontinye veye ! a. Fevriye : Approchez vous de Jéhovah. Si nou pa genyen l, nou ka ofri La Révélation : le grand dénouement est proche !
◼ Siveyan prezidan an oubyen yon lòt moun li chwazi ta dwe verifye kont kongregasyon an 1ye desanm oswa kou sa posib apre dat sa a. Si yo kenbe yon kont apa tankou pou antretyen oubyen pou konstriksyon, ta dwe gen dispozisyon ki pran pou yo verifye kont sa a tou. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè kongregasyon an konn sa, nan pwochen rapò sèvis kont lan.
◼ Nou vle fè nou yon ti rapèl konsènan fason pou nou entèprete referans yo bay nan piblikasyon nou yo. Pa egzanp, si nou wè rs 352-6, referans sa vle di rs paj 352 a 356. Donk, tirè a pa vle di paragraf.
◼ Ann Ayiti, si yon moun vle fè yon ofrann pou travay mondyal la oswa pou konstriksyon Sal Wayòm, pa mwayen yon chèk, li dwe fè l sou non “ Association chrétienne ‘ les Témoins de Jéhovah d’Haïti ’ ”. Ozetazini, chèk yo fè nan kongrè distri oswa chèk y ap voye bay filyal la dwe fèt sou non “ Watch Tower ”. Adrès la se : Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania, c/o Office of the Secretary and Treasurer, 25 Columbia Heights, Brooklyn, NY 11201-2483.