Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Si pa genyen l, nou ka ofri La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? ; Liv istwa biblik mwen an ; oswa liv Konesans lan, si kongregasyon an genyen l. Janvye : Nenpòt liv ki te parèt anvan 1991 kongregasyon an genyen nan stòk li. Si nou pa gen youn ladan yo, tcheke pou n wè si kongregasyon nan zòn nan pa genyen nan liv sa yo ki rete nan stòk pa yo. Si gen kongregasyon ki pa gen ansyen liv sa yo, ofri liv Konesans lan oubyen bwochi Kontinye veye ! a. Fevriye : Approchez vous de Jéhovah. Si nou pa genyen l, nou ka ofri : La Révélation : le grand dénouement est proche ! Mas : Ki sa Labib anseye toutbonbre ? Fè efò pou nou kòmanse etid biblik.
◼ Talè konsa, n ap voye fich envitasyon pou Memoryal ane 2007 la nan tout kongregasyon. Chak kongregasyon ap jwenn fich sa yo an kreyòl. Si nou ta renmen jwenn fich envitasyon pou moun nan tèritwa nou ki pale lòt lang, fòk nou voye mande yo san pèdi tan sou fòmilè Demande de publications (S-14). Nan lèt “ Anons pou tout kongregasyon yo ”, y ap voye di kongregasyon yo nan ki lang fich envitasyon Memoryal la ap disponib. Tanpri, mande fich envitasyon sèlman nan lang nou bezwen pou tèritwa nou.
◼ Nan ane 2008 la, Memoryal la ap fèt samdi 22 mas, apre solèy la fin kouche. Gen kèk kote, plizyè kongregasyon itilize menm Sal Wayòm, e sa oblije yo chèche lòt lokal pou sikonstans lan. Nòt sa a vini alavans yon fason pou frè yo ka gentan fè rezèvasyon oubyen pou yo gentan siyen kontra pou yo jwenn lòt lokal disponib. Nan kontra ansyen yo ap fè a, yo dwe antann yo ak moun ki responsab lokal la pou okenn lòt aktivite k ap fèt nan lokal la pa deranje yo, yon fason pou Memoryal la ka fèt nan lòd ak lapè. Etandone enpòtans Memoryal la genyen, lè kolèj ansyen an ap chwazi yon oratè pou Memoryal la, li ta dwe chwazi youn nan ansyen ki pi kalifye yo, olye pou yo annik fè yon woulman oswa pou yo sèvi ak menm frè a chak ane. Si youn nan ansyen yo se yon kretyen wen ki kalifye pou sa, se li menm y ap chwazi pou fè diskou a.