Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an janvye : Nenpòt liv ki te parèt anvan 1991 kongregasyon an genyen nan stòk li. Si nou pa gen youn ladan yo, tcheke pou n wè si kongregasyon nan zòn nan pa genyen nan liv sa yo ki rete nan stòk pa yo. Si gen kongregasyon ki pa gen ansyen liv sa yo, ofri liv Konesans lan oubyen bwochi Kontinye veye ! a. Fevriye : Approchez vous de Jéhovah. Si nou pa genyen l, nou ka ofri : La Révélation : le grand dénouement est proche ! Mas : Ki sa Labib anseye toutbonbre ? Fè efò pou nou kòmanse etid biblik. Avril : Toudegad ak Réveillez-vous !. Lè nou retounen al vizite moun ki enterese, san wete moun ki te vini nan Memoryal la oswa nan lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Sa Labib anseye a nan objektif pou nou kòmanse etid biblik ak yo.
◼ Apati mwa fevriye, oubyen 4 mas pou pi ta, siveyan sikonskripsyon yo pral prezante yon nouvo diskou piblik ki gen kòm tit : “ Kiyès k ap kalifye pou l antre nan monn nouvo Bondye a ? ”
◼ Nan yon reyinyon sèvis nan mwa avril la, nou pral egzamine DVD Les jeunes s’interrogent — Que vais-je faire de ma vie ? a. Si sa nesesè, osito sa posib, nou kapab kòmande l pa mwayen kongregasyon an.
◼ Piblikasyon nou yo ki an Chinwa fèt nan de ekriti diferan. Jeneralman moun ki sot Hong Kong ak moun ki sot Taywann se ekriti tradisyonèl la yo li, li menm nou rele “ Chinwa ” a (CH). Men, an jeneral, pifò lòt Chinwa yo li yon ekriti ki senplifye yo rele “ Chinwa senplifye ” (CHS). Piske ekriti chinwa yo li a pa gen rapò ak dyalèk yo pale a, anpalan de Kantonè, Mandaren oswa yon lòt dyalèk, l ap enpòtan pou nou chèche konnen ki ekriti moun nan prefere. Nou ka itilize bwochi Une bonne nouvelle pour des gens de toutes nations an pou moun nan ka konpare ekriti yo. Konsa, moun nan ap ka mande piblikasyon nan ekriti ki apwopriye a.
◼ Pou ane sa a, kongregasyon yo dwe pran dispozisyon pou yo selebre Memoryal la lendi 2 avril, apre solèy la fin kouche. Kwak diskou a ka kòmanse pi bonè, yo pa dwe pase anblèm yo anvan solèy la kouche. Verifye a ki lè solèy la ap kouche nan zòn nou ye a. Pou Memoryal la, li ta pi bon pou chak kongregasyon fè pwòp selebrasyon pa l. Men, sa pa toujou posib. Kote ki gen plizyè kongregasyon ki abitye itilize menm Sal Wayòm, petèt youn oswa plizyè nan yo ka chèche jwenn lòt lokal pou sware a. Kote sa posib, li ta bon pou gen omwen 40 minit ant selebrasyon yo. Sa ap pèmèt tout moun pwofite omaksimòm konpayi frè ak sè yo apre Memoryal la. Nou dwe egzamine pou nou wè ki jan sikilasyon an ye nan zòn nan oswa si ap gen kote pou nou pakin machin yo, san nou pa bliye pwoblèm ki ka genyen nan monte machin desann machin. Kolèj ansyen yo dwe deside ki dispozisyon k ap pi bon nan zòn nan.
◼ Sekretè kongregasyon an ap verifye pou wè si gen yon lèt nominasyon (S-202) pou chak pyonye pèmanan ki nan kongregasyon an. Si pa genyen, l ap ekri filyal la pou l fè l konn sa.