BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/07 p. 3
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2007
Ministè Wayòm nan — 2007
km 3/07 p. 3

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri nan mwa mas : Ki sa Labib anseye toutbonvre ? Fè efò pou nou kòmanse etid biblik. Avril ak me : Toudegad ak Réveillez-vous ! (youn nan chak). Lè nou retounen al vizite moun ki enterese, san wete moun ki te vini nan Memoryal la oswa nan lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Sa Labib anseye a nan objektif pou nou kòmanse etid biblik ak yo. Jen : Liv Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi.

◼ Kongregasyon yo ta dwe distribye Toudegad ak Réveillez-vous ! ki fèk parèt yo bay pwoklamatè yo san pèdi tan. Konsa, y ap gentan li peryodik yo anvan y al ofri yo nan predikasyon.

◼ Siveyan prezidan an, oswa yon lòt moun li chwazi, ta dwe verifye kont kongregasyon an nan mwa desanm, janvye ak fevriye. Lè yo fin fè verifikasyon an, y ap fè yon anons bay kongregasyon an apre yo fin li rapò sou sèvis kont lan. — Gade nan fòmilè Enstriksyon pou kontablite kongregasyon an (S-27).

◼ Ann Ayiti, sekretè kongregasyon ki gen papye tè Sal Wayòm ak dosye asirans Sal la nan men yo dwe teni kont de pwen nou pral site la yo : 1) Èske papye tè a ak papye apantaj la nan filyal la ? Silvouplè, pa voye fotokopi, se papye orijinal yo pou nou voye, men nou mèt konsève fotokopi yo nan dosye kongregasyon an. Si papye sa yo poko la, tanpri ekri filyal la, di ki sa ki ka fèt pou nou ede w fè nou jwenn papye sa yo. 2) Èske papye Sal Wayòm nan deja transfere sou non Association chrétienne “ Les Témoins de Jéhovah d’Haïti ” ? 3) Si se anfème nou anfème tè a, èske nou fin peye tout lajan nou te dwe peye a ? 4) Sa fè sizan depi yo te evalye pifò Sal Wayòm yo dapre Programme de protection des Salles du Royaume. Sa te pèmèt nou konnen konbyen kòb kay la koute (materyo sèlman) ak konbyen kòb sa ki anndan Sal la koute. Etandone lavi a vin pi chè, petèt nou ka bezwen chanje chif sa yo. Si nou wè nesesite pou nou ogmante chif yo, tanpri voye mande filyal la fòmilè ki rele Formulaire international - Descriptif de l’état des lieux (T-49b-F). 5) Si gen kesyon, ki gen rapò ak lalwa, ki soulve konsènan Sal Wayòm nan, se pou nou kontakte filyal la nan telefòn san pèdi tan. Poko fè anyen toutotan nou pa jwenn enstriksyon filyal la.

◼ ENPÒTAN : N ap fè nou konnen biwo filyal la ouvè soti lendi pou rive vandredi, de 8:00 a.m. a midi, e de 1:00 p.m. a 5:00 p.m. Nou kapab rele oswa nou kapab vizite filyal la nan lè sa yo. Byenke depo a ouvè chak samdi de 8:00 a.m. a midi pou pèmèt kongregasyon yo vin chèche piblikasyon, sepandan, pifò lòt biwo yo fèmen. Sa pèmèt manm fanmi Betèl la soti nan predikasyon epi okipe yo de lòt aktivite nan kongregasyon yo. Piske gen plizyè frè ak sè ki travay nan biwo yo, olye pou nou mande pou yon frè an patikilye, nou kapab esplike resepsyonis la sa nou bezwen, e li menm l ap fè nou pran kontak ak biwo ki apwopriye a. Lè se ekri n ap ekri biwo filyal la, li ta bon pou nou adrese lèt la sou non Association chrétienne “ Les Témoins de Jéhovah d’Haïti ”, olye pou nou adrese l a yon biwo an patikilye oswa a yon frè. Tout kourye nou resevwa, sof anvlòp ki tou enprime ki adrese a Biwo sèvis la, se yon sèl biwo ki ouvè yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje