Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an jiyè ak out : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Kontinye veye ! ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”. Nan kèk pati nan monn nan, li kapab apwopriye pou nou ofri bwochi ki vin annapre yo : Connaîtrons-nous un jour un monde sans guerre ? ; La route qui mène à la vie éternelle : L’avez-vous trouvée ? ; Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire ? Existent-ils vraiment ? ; Nos problèmes — Qui nous aidera à les résoudre ; Un livre pour tous ; Une vie pleinement satisfaisante : Comment ? Septanm : Ki sa Labib anseye toutbonvre ? Oktòb : Toudegad ak Réveillez-vous ! Si moun n al vizite yo enterese, ofri yo feyè Èske w ta renmen konn Bib la pi byen an, epi egzamine l avèk yo nan objektif pou nou kòmanse etid biblik.
◼ Piske mwa septanm gen 5 wikenn okonplè, se pral yon bon mwa pou nou pran sèvis pyonye oksilyè.
◼ Apati mwa septanm, siveyan sikonskripsyon yo pral bay yon diskou piblik ki gen kòm tèm : “ Ki sa k fè Bib la se yon liv ki otantik ? ”
◼ Lè y ap voye aplikasyon pou sèvis pyonye pèmanan nan biwo filyal la, li ta bon pou yo fè sa omwen 30 jou anvan dat moun nan prevwa kòmanse a. Sekretè kongregasyon an ap verifye fich la pou l wè si moun nan reponn tout kesyon yo. Si moun ki fè aplikasyon an pa ka sonje dat egzak li te batize, l ap bay yon dat apeprè e apre sa l ap ekri dat sa a yon kote. Sekretè a ap note dat sa a nan fich Aktivite pwoklamatè a (S-21).
◼ Envantè stòk piblikasyon ak peryodik nou genyen yo ta dwe fèt 31 out 2007, oubyen osito sa posib apre dat sa a. Envantè sa a sanble ak verifikasyon kowòdinatè piblikasyon an abitye fè chak mwa. Y ap ekri total peryodik yo jwenn yo nan fòmilè Inventaire des publications (S-18). N ap jwenn total peryodik ki disponib yo nan men sèvitè peryodik la. Se sekretè kongregasyon kowòdinatris la k ap sipèvize envantè a. Se li menm ak tout siveyan prezidan kongregasyon kowòdinatris la k ap siyen fòmilè a. Chak kongregasyon kowòdinatris ap resevwa twa fòmilè Inventaire des publications. Tanpri, voye fèy orijinal la bay filyal la 6 septanm pou pi ta. Konsève yon kopi nan dosye nou. Twazyèm kopi a ap sèvi kòm bouyon.