BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/07 p. 7
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2007
Ministè Wayòm nan — 2007
km 8/07 p. 7

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 27 out 2007, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan lekòl ministè teyokratik la. siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout sijè yo te egzamine soti nan semèn 2 jiyè pou rive nan semèn 27 out 2007.

TEKNIK POU MOUN BYEN PALE

1. Ki jan nou ka montre nou gen respè pou moun nou rankontre nan ministè a e pou moun ki nan kongregasyon an ? [be p. 192 § 2-4]

2. Lè n ap pale, si nou vle montre nou gen konviksyon nan sa n ap di a, ki sa ki esansyèl pou nou fè ? [be p. 196 § 1-3]

3. Site kèk sijesyon k ap ede nou aji avèk tak lè n ap bay lòt moun temwayaj. [be p. 198 § 1-5]

4. Nan ki sans lè nou gen tak, sa mande pou nou chwazi bon moman pou nou di yon bagay lè n ap bay lòt moun temwayaj ? (Pwo. 25:11) [be p. 199 § 1-3]

5. Ki sa nou ka fè pou nou toujou fè diskou nou yo sou yon ton ki pozitif ? [be p. 203 § 3–p. 204 § 1]

EKSPOZE No 1

6. Ki sa nou ka di sou kanonisite ak otantisite liv Ezekyèl la, liv li menm li te ekri a ? [si p. 133 § 3]

7. Ki kalite ki esansyèl pou pèmèt yon moun andire devan enjistis ? [wF 05 1/6 p. 29 § 4]

8. Ki sa nou aprann nan repons Jezi te bay Sadiseyen yo ki te poze l kesyon sou rezirèksyon ? (Lik 20:37, 38) [be p. 66 § 4]

9. Lè yon moun k ap etidye Labib oswa yon kretyen parèy nou mande nou ki sa l ta dwe fè nan yon sitiyasyon byen presi, ki jan nou ta dwe reponn li ? [be p. 69 § 4-5]

10. Pou nou “ renouvle tèt nou nan fòs k ap anime lespri nou an ”, ki sa sa mande ? (Efe. 4:23) [be p. 74 § 4]

LEKTI LABIB CHAK SEMÈN

11. Nan Ezekyèl 9:2-4, òm ki abiye ak rad len an, kiyès li reprezante, e ki sa “ mak sou fwon ” an montre ? [wF 88 15/9 p. 14 § 18]

12. Jan sa dekri nan Ezekyèl 13:3, nan ki sans dirijan lakretyente yo sanble ak “ pwofèt san konprann [ki t ap] mache dapre pwòp espri yo ” ? [wF 99 1/10 p. 13]

13. Lè Izrayelit yo te di “ pawòl pwovèbyal ” ki nan Ezekyèl 18:2 a, ki sa yo t ap chèche fè, e ki leson enpòtan vèsè sa a souliye sou responsablite chak moun genyen ? [wF 88 15/9 p. 18 § 10]

14. Nan ki sans Ezekyèl te vin “ pèdi lapawòl ” oubyen li te vin “ bèbè ” pandan peryòd yo te ansèkle Jerizalèm e yo te detwi l ? (Eze. 24:27 ; 33:22) [wF 03 1/12 p. 29]

15. “ Gòg ki sot nan peyi Magòg ” la, kiyès li ye, e ki lè l ap fè tantativ pou l detwi pèp Jewova a ? (Eze. 38:2, 16) [wF 97 1/3 p. 14 § 1-p. 15 § 3]

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje