BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/07 p. 7
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2007
Ministè Wayòm nan — 2007
km 10/07 p. 7

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 29 oktòb 2007, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine soti nan semèn 3 septanm pou rive nan semèn 29 oktòb 2007. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-37.]

TEKNIK POU MOUN BYEN PALE

1. Sa k fè repetisyon se yon metòd ansèyman ki enpòtan ? [be p. 206 § 1-2, kare]

2. Ki diferan fason nou ka mete aksan sou tèm yon diskou ? [ be p. 210, kare]

3. Ki sa ki pwen prensipal yon diskou, e sou ki sa n ap baze pou nou chwazi yo ? [be p. 212 § 1-3]

4. Poukisa nou pa dwe gen twòp pwen prensipal nan yon diskou ? [be p. 213 § 3-5]

5. Poukisa li enpòtan pou nou fè entwodiksyon nou yo yon fason pou l enterese moun k ap koute nou yo, e ki jan nou kapab fè sa ? [be p. 215 § 1 ; p. 216 § 1-3, kare]

EKSPOZE NO 1

6. Ki jan Sòm 119:89, 90 ede nou konprann nou ka gen konfyans nan Pawòl Bondye a ? [wCR 05 1/5 p. 12 § 3]

7. Sou ki sa liv Ezekyèl la mete aksan, e moun k ap sangtifye Jewova nan lavi yo kounye a, ki rezilta y ap jwenn ? [si p. 138 § 33]

8. Ki jan “ pawòl Jewova yo ” ka prezève kè nou ? (Sòm 18:30) [wF 05 1/9 p. 30 § 2]

9. Ki jan tout liv Dànyèl la mete aksan sou esperans Wayòm nan ? [si p. 143 § 23]

10. Ki jan liv Ocheya a fòtifye lafwa nou nan pwofesi enspire Jewova yo ? [si p. 145 § 14]

LEKTI LABIB CHAK SEMÈN

11. Ki sa mezire yo t ap mezire tanp lan nan vizyon Ezekyèl la vle di, e ki asirans sa ban nou jodi a ? (Eze. 40:2-5) [wF 99 1/3 p. 9 § 6 ; p. 14 § 7]

12. Nan dènye akonplisman vizyon Ezekyèl la, kiyès ki “ chèf la ” ? (Eze. 48:21) [wF 99 1/3 p. 15, 16 § 13-15 ; p. 22-3 § 19-20]

13. Ki siyifikasyon Dànyèl 2:21 genyen ? [wF 98 15/9 p. 12 § 9]

14. Ki sa k te fè Dànyèl vin yon “ moun ki apresyab anpil ” nan je Jewova ? (Dàn. 9:23) [dp p. 185 § 12 ; wCR 04 1/8 p. 21 § 17]

15. Nan ki sans pa t gen “ konesans Bondye nan peyi ” Izrayèl, e ki jan pawòl sa yo ta dwe enfliyanse nou pèsonèlman ? (Och. 4:1, 2, 6) [wCR 05 1/12 p. 11 § 21 ; jd p. 57-8 § 5 ; p. 61 § 10]

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje