Annou mache tankou moun ki saj
1 Lè Jezi te mande kat pechè pwason pou yo vin disip li, yo pa t ranvwaye desizyon an pou pita, men, ‘ menm kote a, yo te suiv li ’. (Mat. 4:18-22.) Lè Sol ki fèt nan vil Tas te konvèti e li te vin rewè ankò, li menm tou, li pa t repòte desizyon l, men se ‘ menm kote a, li te kòmanse preche konsènan Jezi nan sinagòg yo ’. (Tra. 9:20.) Se pase tan an toujou ap pase e yon fwa l fin ale, l ale nèt. Se poutèt sa, li enpòtan pou nou ‘ mache tankou moun ki saj ’ anrapò ak fason n ap itilize tan nou. — Efe. 5:15, 16.
2 Evènman enprevi : Opòtinite nou genyen jodi a pou nou sèvi Jewova, nou ka pa jwenn li demen (Jak 4:14). Pèsòn pa alabri “ evènman enprevi ”. (Ekl. 9:11.) Mete sou sa, se granmoun nou tout ap vin granmoun, e nan sistèm sa a nou pa ka evite “ jou dezagreyab ” ki akonpaye vyeyès, ni nou pa ka evite limit sa mete sou sa nou ka fè nan sèvis Jewova (Ekl. 12:1). Se sa k fè, li pa saj pou nou ranvwaye pou pita desizyon nou dwe pran pou nou vwe lavi nou bay Bondye oubyen pou n ap tann kèk sitiyasyon ideyal anvan nou etann ministè nou nan limit ki posib pou lemoman (Lik 9:59-62). Abraram te gen lapè ak trankilite lè li te nan laj avanse, li te mouri “ granmoun e li te satisfè ”, paske li te itilize lavi l avèk sajès, li te bay Jewova tout li menm. — Jen. 25:8.
3 Tan ki rete a vin pi kout : Nou menm tou, nou vle itilize tan nou avèk sajès, paske “ tan ki rete a vin pi kout ”. (1 Kor. 7:29-31.) Talè konsa, sistèm sa a pral fini. Opòtinite nou genyen pou nou patisipe nan gwo rasanbleman moun ki tankou mouton pandan ‘ rekòt k ap fèt sou tè a ’, se yon opòtinite ki pral fini (Rev. 14:15). Nou dwe veye pou nou pa kite enkyetid ki gen nan lavi a ansanm ak distraksyon ki genyen ladan l pran tan nou ta ka itilize pi byen nan ministè a (Lik 21:34, 35). Ala satisfaksyon nou pral genyen lè nou vire gade dèyè e nou konnen nou te patisipe ak tout nou menm nan travay rekòt la !
4 Nou dwe toujou veye pou nou pa anpeche tèt nou resevwa privilèj ki prezante devan nou pou nou sèvi plis, privilèj ki bay kè kontan. Annou detèmine pou nou fè tout sa nou kapab nan sèvis Jewova “ toutotan nou ka rele chak jou ‘ jodi a ’ ”. (Ebre 3:13.) Si nou aji konsa, n ap montre nou vrèman saj, paske se ‘ moun ki fè volonte Bondye k ap rete pou toutan ’. — 1 Jan 2:17.