Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri ann novanm : Liv Koute gran Anseyan an. Desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Si nou pa genyen l, nou ka ofri liv Approchez-vous de Jéhovah a oswa Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi. Janvye : Nenpòt liv 192 paj ki te pibliye anvan 1991 kongregasyon an gen nan stòk li. Si kongregasyon an pa gen liv sa yo, nou ka ofri liv Konesans lan, si nou genyen l, oubyen bwochi Kontinye veye ! a. Fevriye : Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ? Oubyen Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi.
◼ Piske mwa desanm nan ap gen senk wikenn okonplè, se pral yon bon mwa pou nou pran sèvis pyonye oksilyè.
◼ Gen yon kantite piblikasyon ki disponib pou ede pwoklamatè yo bay moun ki soti nan divès kilti ak nan divès relijyon temwayaj. Responsab piblikasyon an gen lis piblikasyon sa yo ki kapab itil nou.
◼ Ann Ayiti, si yon moun vle sèvi ak chèk pou l fè yon ofrann pou travay mondyal la oswa pou konstriksyon Sal Wayòm, li dwe fè chèk la sou non “ Association chrétienne ‘ les Témoins de Jéhovah d’Haïti ’ ”. Ozetazini, chèk yo fè nan kongrè distri oswa chèk y ap voye bay filyal la dwe fèt sou non “ Watch Tower ”. Adrès la se : Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania, c/o Treasurer’s Office, 25 Columbia Heights, Brooklyn, NY 11201-2483.
◼ Si gen pwoklamatè ki poko ranpli kat DPA pa yo, yo ankouraje yo pou yo fè sa. Kat sa a pwoteje dwa pwoklamatè yo genyen pou yo refize pran san. Ansyen yo ap bay pwoklamatè ki poko ranpli kat sa a èd ki nesesè. — Gade paj mitan Ministè Wayòm novanm 2006.
◼ Pwoklamatè yo pa bezwen remèt yon rapò etid (S-3) bay siveyan etid liv la pou chak etid biblik yo kondui pandan mwa a. Sepandan, yo dwe make kantite etid biblik yo kondui pandan mwa a nan kolòn ki fèt pou sa nan rapò sèvis la (S-4). Kongregasyon yo ta dwe aplike dispozisyon sa a san pèdi tan. Y ap sèvi ak fòmilè S-3 a pou yo rapòte asistans reyinyon kongregasyon an.
◼ Nou kontan fè nou konnen 24 elèv 9èm klas Lekòl fòmasyon ministeryèl la te resevwa diplòm yo dimanch ki te 24 jen 2007 la nan Sal asanble a, Santo. N ap ankouraje tout ansyen ak asistan ministeryèl selibatè ki pa fiyanse e ki ranpli lòt kondisyon yo pou yo anvizaje asiste lekòl sa a.
◼ Lè kongregasyon yo resevwa nouvo fòmilè, se pou yo verifye dat ki make sou fomilè sa yo. Si yo pi resan, se avèk yo sèlman pou yo sèvi, e y ap detwi sa yo te genyen ki pi ansyen yo.