BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/08 p. 7
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2008
Ministè Wayòm nan — 2008
km 1/08 p. 7

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an janvye : Nenpòt liv ki te pibliye anvan 1991 kongregasyon an genyen nan stòk li. Si nou pa gen youn ladan yo, tcheke pou n wè si kongregasyon nan zòn nan pa genyen nan liv sa yo ki rete nan stòk pa yo. Si kongregasyon an pa gen liv sa yo, nou ka ofri liv Konesans lan, si nou genyen l, oubyen bwochi Kontinye veye ! a. Fevriye : Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ? Oubyen Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi. Mas : Ki sa Labib anseye toutbonvre ? Fè efò pou nou kòmanse etid biblik. Avril : Toudegad ak Réveillez-vous ! Lè nou retounen al vizite moun ki enterese, san wete moun ki te vini nan Memoryal la oswa nan lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Sa Labib anseye a nan objektif pou nou kòmanse etid biblik ak yo.

◼ Piske mwa mas la gen senk wikenn okonplè, se pral yon bon mwa pou nou pran sèvis pyonye oksilyè.

◼ Apati mwa fevriye, oubyen 2 mas pou pi ta, siveyan sikonskripsyon yo pral prezante yon nouvo diskou piblik ki gen kòm tit : “ Ki kote nou ka jwenn èd nan moman detrès yo ? ”

◼ Ane sa a, Memoryal la ap fèt samdi 22 mas, apre solèy la fin kouche. Kongregasyon yo dwe pran bonjan dispozisyon pou yo selebre Memoryal la. Byenke diskou a kapab kòmanse pi bonè, yo pa dwe pase anblèm yo anvan solèy la kouche. Verifye a ki lè solèy la ap kouche nan zòn nou an. Pou Memoryal la, li t ap pi bon pou chak kongregasyon fè pwòp selebrasyon pa l. Men, sa pa toujou posib. Kote ki gen plizyè kongregasyon ki itilize menm Sal Wayòm, petèt youn oswa plizyè nan yo ka chèche jwenn yon lòt lokal pou sware a. Kote sa posib, li ta bon pou gen omwen 40 minit ant selebrasyon yo. Sa ap pèmèt tout moun pwofite omaksimòm konpayi frè ak sè yo apre Memoryal la. Nou dwe egzamine pou nou wè ki jan sikilasyon an ye nan zòn nan oswa si ap gen kote pou nou pakin machin yo, san nou pa bliye pwoblèm ki ka genyen nan monte machin desann machin. Kolèj ansyen yo dwe deside ki dispozisyon k ap pi bon pou zòn nan.

◼ Sekretè kongregasyon an ap verifye pou wè si gen yon lèt nominasyon (S-202) pou chak pyonye pèmanan ki nan kongregasyon an. Si pa genyen, l ap ekri filyal la pou l fè l konn sa.

◼ Apati semèn 4 out 2008, nou pral etidye bwochi Temwen Jewova : Kilès yo ye ? Nan ki sa yo kwè ? nan etid liv kongregasyon an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje