BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/08 p. 3
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2008
Ministè Wayòm nan — 2008
km 9/08 p. 3

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an septanm : Ki sa Labib anseye toutbonvre ? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik depi premye fwa nou rankontre moun yo. Si nou jwenn yon moun ki deja gen liv la, montre l ki jan li ka tire pwofi ladan l. Nou ka pran yon ti tan tou kout pou nou montre l ki jan yon etid biblik fèt. Oktòb : Toudegad ak Réveillez-vous ! Si moun n al vizite yo enterese, ofri yo feyè Èske w ta renmen konn Bib la pi byen ? an, epi egzamine l avèk yo nan objektif pou nou kòmanse etid biblik. Novanm : Ki sa Labib anseye toutbonvre ? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Si moun nou rankontre a gen timoun n ap ofri l liv Koute gran anseyan an.

◼ Piske mwa novanm nan gen senk wikenn okonplè se pral yon bon mwa pou nou pran sèvis pyonye oksilyè.

◼ Men kongregasyon ki fèk fòme : Klèsin (Taba) ; Silo (Dèlma).

◼ Men lis Sal Wayòm ki fèk konstwi oswa ki fèk renove : Mayigate, Fòmèkredi, Mèje.

◼ Y ap bay diskou espesyal pou epòk Memoryal la nan dat k ap 20 avril 2009. Y ap voye tèm diskou sa a ban nou pi devan. Kongregasyon ki gen vizit siveyan sikonskripsyon oubyen yon asanble nan wikenn nou sot di a, ap fè diskou espesyal la nan semèn apre a. Okenn kongregasyon pa dwe fè diskou espesyal la anvan 20 avril.

◼ Kongregasyon yo ta dwe kòmanse kòmande volim relye La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! pou 2008, Index des publications de la Société Watch Tower pou 2008 ak tout CD-ROM Watchtower Library − 2008 nan pwochen demann piblikasyon y ap fè. N ap jwenn lis lang piblikasyon sa yo disponib nan lèt “ Anons pou tout kongregasyon yo ” yo voye chak mwa. Se pou nou sonje CD-ROM Watchtower Library − 2008 la se pou moun ki nan kongregasyon an yo fè yo, e yon moun ka jwenn li sèlman pa mwayen kongregasyon an. Pwoklamatè ki itilize CD-ROM Watchtower Library a anpil e ki pa sèvi ak volim relye yo ankò ta dwe mande tèt yo si li nesesè pou yo fè kòmann volim relye.

◼ Yon moun siveyan prezidan an chwazi ta dwe verifye kont kongregasyon an pou mwa jen, jiyè ak out. Se pa menm moun nan ki ta dwe fè verifikasyon an chak fwa. Lè yo fin fè verifikasyon an, y ap fè kongregasyon an konn sa apre yo fin li rapò sou sèvis kont lan. — Gade nan fòmilè Enstriksyon pou kontablite kongregasyon an (S-27).

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje