BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/08 p. 7
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2008
Ministè Wayòm nan — 2008
km 10/08 p. 7

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 27 oktòb 2008, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine soti nan semèn 1ye septanm pou rive 27 oktòb 2008.

TEKNIK POU MOUN BYEN PALE

1. Ki jan nou ka disène sa lòt moun gen nan kè yo ? [be p. 259§ 2, 3]

2. Ki jan nou ka ede yon moun retire prejije ak lahèn li gen nan kè l ? [be p. 260 § 2]

3. Ki jan nou ka ede etidyan nou yo pou yo egzamine kè yo nan objektif pou yo kontinye fè pwogrè nan domèn espirityèl ? [be p. 261 § 3]

4. Ki sa nou dwe toujou sonje toutpandan n ap fè efò pou nou touche kè moun k ap koute nou yo ? [be p. 262 § 5]

5. Poukisa nou ta dwe respekte tan yo prevwa pou chak patisipasyon nan reyinyon kongregasyon an ? [be p. 263 § 1, 3, kare]

EKSPOZE No 1

6. Ki sa k te pouse Pòl ekri premye lèt li te voye bay kretyen Korent yo ? [si p. 210 § 3]

7. Bay kèk rezon ki fè Pòl te ekri dezyèm lèt li te voye bay kretyen Korent yo. [si p. 214 § 1-2]

8. Ki jan kretyen yo te dwe konsidere ministè a ? [si p. 217 § 18]

9. Menm jan ak frè ki t ap viv nan vil Filip yo, jodi a ki jan nou ka gen apwobasyon Bondye e nou ka vin yon sous lajwa pou frè nou yo ? [si p. 226 § 12]

10. Ki efè pozitif Pòl ak konpayon l yo te egzèse sou kongregasyon Tesalonik lan ? [si p. 231 § 13]

LEKTI LABIB CHAK SEMÈN

11. Sa sa vle di livre moun mechan an bay “ Satan pou destriksyon chè a, yon fason pou espri a ka sove nan jou Seyè a ” ? (1 Kor. 5:5) [wCR 08 15/7 “ Pawòl Jewova a vivan : Pwen enteresan ki nan liv Korentyen yo ”]

12. Konbyen “ fwa ” nou ta dwe selebre lanmò Jezi, e jis ki lè nou ta dwe kontinye fè sa ? (1 Kor. 11:26) [wCR 08 15/7 “ Pawòl Jewova a vivan : Pwen enteresan ki nan liv Korentyen yo ”]

13. Ki vizyon ki mansyone nan 2 Korentyen 12:2-4, e kiyès ki sanble te fè vizyon sa a ? [wCR 04 1/11 p. 8 § 4 ; p. 10 § 9]

14. Poukisa Pòl te konpare Lwa Moyiz la ak “ yon pedagòg k ap mennen nou bay Kris ” ? (Gal. 3:24) [wF 08 1/3 18-21]

15. Ki sa Pòl te vle di lè li te priye pou ‘ lespri frè yo, nanm yo ak kò yo ’ ka prezève ? (1 Tes. 5:23) [wCR 08 15/9 “ Pawòl Jewova a vivan : Pwen enteresan ki nan liv Tesalonisyen an ak nan liv Timote a ”]

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje