Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri ann oktòb: Toudegad ak Réveillez-vous ! Si moun n al vizite yo enterese, ofri yo feyè Èske w ta renmen konn verite a ? epi egzamine l avèk yo. Si moun nan deja gen feyè a, nou dwe fè efò pou nou kòmanse yon etid biblik avè l. Novanm: Ki sa Labib anseye toutbonvre ? Si moun nan deja genyen l, ofri l nenpòt liv 192 paj ki gen po mou oswa nenpòt liv ki te parèt anvan ane 1995.
◼ Pwogram lekòl ministè teyokratik pap parèt chak ane nan paj mitan Ministè Wayòm nan ankò. Depreferans, y ap voye pwogram sa a bay chak kongregasyon, e y ap mete yon kopi pwogram nan sou tablo afichaj la nan Sal Wayòm nan. Siveyan lekòl la ap kenbe yon kopi nan men l pou l ka bay asiyasyon. Chak mwa, pwoklamatè yo ap kontinye resevwa pwòp Ministè Wayòm yo kote y ap jwenn pou chak semèn nan mwa a, pwogram etid biblik kongregasyon an, pwogram lekòl ministè teyokratik la ak pwogram reyinyon sèvis la.
◼ Apati semèn 1ye mas 2010, n ap etidye liv “Vin suiv mwen” an nan etid biblik kongregasyon an. Kongregasyon ki bezwen yon sèten kantite nan liv sa a dwe kòmande yo nan pwochen demann piblikasyon y ap fè.
◼ Men lis Sal Wayòm ki fèk konstwi oswa ki fèk renove: Monrepo, Tòland Sid, Kanapevè, Taba, Basanto, Mibalè (yon Sal Wayòm ki tou yon Sal asanble), Sarazen.