BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/10 p. 8
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2010
Ministè Wayòm nan — 2010
km 5/10 p. 8

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri ann avril ak me: Toudegad ak Réveillez-vous ! Lè nou retounen vizite moun ki enterese, san wete moun ki te vin asiste Memoryal la oubyen moun ki te vin nan lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Sa Labib anseye a nan objektif pou nou kòmanse etid biblik ak yo. Jen: Ki sa Labib anseye toutbonvre? Si moun nan deja genyen l, ofri l nenpòt liv 192 paj ki gen po mou oswa nenpòt liv ki te parèt anvan ane 1995.

◼ Lè yon moun prevwa vwayaje nan yon lòt peyi e li planifye pou l asiste reyinyon, asanble sikonskripsyon, oswa kongrè distri, se pou l ekri filyal ki responsab travay predikasyon nan peyi sa a, pou l ka jwenn enfòmasyon sou dat, sou lè, oswa sou adrès kote reyinyon sa yo ap fèt. N ap jwenn lis adrès filyal yo nan dènye paj Annuaire des Témoins de Jéhovah ki pi resan an.

◼ Nou ka fè modifikasyon nan pwogram pou reyinyon sèvis la nan semèn anvan nou asiste kongrè distri “Rete pwòch ak Jewova!” a, dekwa pou nou fè revizyon sou konsèy ak rapèl yo bay pou kongrè a. Yon mwa oswa de mwa apre kongrè a, nou ka pran tan ki rezève pou bezwen kongregasyon an pou nou fè yon ti pale sou pwen pwoklamatè yo te note nan kongrè a, pwen yo te twouve ki itil yo nan ministè a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje