Èske m fè ase?
1. Ki enkyetid yon kretyen fidèl ta ka genyen?
1 Èske w janm poze tèt ou kesyon sa a? Petèt patisipasyon w nan ministè a diminye akoz laj, pwoblèm sante, oubyen akoz plis responsablite ou gen nan fanmi w, e sitiyasyon sa a ka lakòz ou dekouraje. Gen yon sè ki gen twa pitit ki te ekri pafwa li santi l koupab dèske tan ak enèji li bezwen pou l pran swen fanmi l limite sa li ta ka fè nan ministè a. Ki sa k ka ede nou wè bagay yo yon fason ekilibre?
2. Ki sa Jewova atann de nou?
2 Ki sa Jewova atann de nou: Pa gen dout nan sa, nou tout ta renmen fè plis nan ministè a. Men souvan gen yon gwo diferans ant sa nou ta renmen fè ak sa nou ka fè vre. Lefètke nou ta renmen fè plis nan ministè a, sa montre nou konsyan toujou gen mwayen pou nou amelyore sèvis n ap bay Jewova a. Nou dwe sonje Jewova byen konnen limit nou yo e li pa mande nou plis pase sa nou ka fè vrèman (Sòm 103:13, 14). Ki sa li atann de nou? Li vle pou nou sèvi l ak tout kè nou, pou nou ba li sa nou genyen ki pi bon an. —Kol. 3:23.
3. Ki sa nou ka fè pou nou egzamine efò n ap fè nan ministè a?
3 Ki sa k ap ede nou wè sa nou ka fè vrèman nan ministè a? Nou kapab mande Jewova pou l ede nou wè sitiyasyon nou yon fason ekilibre (Sòm 26:2). Yon zanmi nou fè konfyans, ki gen matirite, ki konnen nou byen e ki pap pè di nou laverite si nou ta bezwen fè amelyorasyon nan yon domèn, kapab ede nou tou (Pwo. 27:9). Anplis de sa, nou dwe sonje li bon pou nou egzamine sitiyasyon nou detanzantan, etandone sitiyasyon nou nan lavi nou toujou ap chanje. —Efe. 5:10.
4. Ki Jan nou dwe konsidere rapèl nou jwenn ki baze sou Bib la ki gen rapò ak ministè nou?
4 Fason pou nou konsidere rapèl yo: Souvan, espektatè k ap gade yon kous konn di pawòl pou ankouraje moun k ap patisipe nan kous la. Lè yo fè sa, se ede yo vle ede moun ki nan kous la atenn objektif yo, se pa dekouraje yo vle dekouraje yo. Menm jan an tou, ankourajman nou jwenn ki baze sou Bib la ak rapèl yo bay nan reyinyon yo ak nan piblikasyon yo egzòte nou pou nou ‘preche pawòl la san rete’, se pou byen nou yo ye, e yo pa la pou fè nou konprann efò n ap fè yo pa ase (2 Tim. 4:2). Nou kapab gen asirans depi nou kontinye fè efò pou nou fè tout sa nou kapab nan ministè a, Jewova ap sonje ‘lanmou nou ak travay nou’ avèk favè.—Ebre 6:10.