BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/10 p. 7
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2010
Ministè Wayòm nan — 2010
km 8/10 p. 7

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 30 out 2010, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 20 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine soti nan semèn 5 jiyè pou rive 30 out 2010.

1. Poukisa lè nou medite sou pawòl Salomon te di nan priyè inogirasyon an, sa ap ogmante rekonesans nou pou Jewova ki gen bèl kalite nan pèsonalite l? (1 Wa 8:22-53) [w05 1/7 p. 20 § 7; it-2-F p. 872 § 3]

2. Poukisa nou ka di malgre David te fè anpil erè, li te mache devan Jewova “avèk entegrite nan kè” l? (1 Wa 9:4) [w97-F 1/5 p. 5 § 1-2]

3. Lè rèn Cheba a t ap pale ak Salomon, poukisa li te di pawòl sa yo: “Byennere sèvitè sa yo ou genyen ki kanpe devan w toutan, k ap koute pawòl saj ou yo.”? (1 Wa. 10:4-8) [w99-F 1/7 p. 30 § 7]

4. Ki konklizyon nou ka tire lefètke Jewova te pase lòd pou yo antere Abiya nan yon tonm? (1 Wa 14:13) [cl-F p. 244 § 11]

5. Ki sa ki enpòtan pou nou note konsènan moman Eliya te chwazi pou l alvizite Ahab premye fwa a? (1 Wa 17:1) [w08-F 1/4 p. 19, kare]

6. Ki sa Eliya te vle di lè l te itilize ekspresyon “bwete sou de opinyon diferan” an? (1 Wa 18:21) [w08 1/1 p. 19 § 3-4]

7. Jan sitiyasyon Eliya a demontre sa, pou ki rezon Jewova itilize pouvwa l pou l ede sèvitè l yo? (1 Wa 19:1-12) [cl-F p. 42-43 § 15-16]

8. Poukisa Nabòt te refize vann Ahab jaden rezen l lan, e ki leson nou ka tire? (1 Wa. 21:3) [w97-F 1/8 p. 13 § 18-20]

9. Nan ki sans madanm ki te abite Chounèm nan te ‘anbarase tèt li’ pou l te ede Elicha? (2 Wa 4:13) [w97-F 1/10 p. 30 § 6-8]

10. Poukisa Elicha pa t aksepte kado Naamàn te ba li a? (2 Wa 5:15, 16) [w05 1/8 p. 19 § 2]

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje