BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/11 p. 3
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2011
Ministè Wayòm nan — 2011
km 2/11 p. 3

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 28 fevriye 2011, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 20 minit e ki baze sou sijè yo te egzamine nan asiyasyon yo te bay soti nan semèn 3 janvye pou rive 28 fevriye 2011.

1. Ki travay Izkiya te fè lè l te fèk kòmanse reye, e jodi a, kòman nou ka imite l? (2 Kwo. 29:16-18) [w09 15/6 p. 9 § 13]

2. Kòman pawòl nou jwenn nan 2 Kwonik 36:21 an montre pwofesi ki nan Jeremi 25:8-11 lan te akonpli? [w06-F 15/11 p. 32 § 1-4]

3. Kòman pawòl ki nan Ezra 3:1-6 la kore prèv nou jwenn nan Bib la ki montre 70 an dezolasyon Jerizalèm nan te fini atan? [w06 1/1 p. 10 § 1]

4. Poukisa Ezra te choke anpil lè l te aprann Juif yo t ap marye ak moun lòt nasyon ki t ap viv nan peyi a? (Ezra 9:1-3) [w06 1/1 p. 11 § 1]

5. Kiyès “gwo potanta” yo te ye, e ki atitid yo te genyen nou dwe evite? (Ney. 3:5) [w06 1/2 p. 7 § 7; w86-F 15/2 p. 25]

6. Nan ki sans gouvènè Neyemya kite yon bèl egzanp pou siveyan kretyen yo? (Ney. 5:14-19) [si-F p. 91 § 16]

7. Menm jan ak Izrayelit ki t ap viv nan epòk Neyemya yo, kòman nou ka evite “neglije mezon Bondye nou an”? (Ney. 10:32-39) [w98-F 15/10 p. 21-22 § 12]

8. Lè nou reflechi sou fason Neyemya te mennen lavi l, ki kesyon sa ka pouse nou poze tèt nou? (Ney. 13:31) [w96-F 15/9 p. 16-17 § 3]

9. Èske Estè te gen relasyon imoral avèk wa Asyeris? (Estè 2:14-17) [w91-F 1/1 p. 31 § 6]

10. Poukisa Mòdekay te refize pwostène devan Amàn? (Estè 3:2, 4) [it-2-F p. 345 § 5]

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje