Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an fevriye: Pwoklamatè yo ka ofri youn nan piblikasyon sa yo: Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous? Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi oswa La Bible: Parole de Dieu ou des hommes? Mas: Ki sa Labib anseye toutbonvre? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik ak moun nou kite liv la oubyen ak moun ki deja genyen l. Avril ak me: Toudegad ak Réveillez-vous! Lè nou retounen al vizite moun ki enterese yo, san wete moun ki te vini nan Memoryal la oswa moun ki te vin asiste yon lòt pwogram teyokratik men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a nan objektif pou nou kòmanse etid biblik ak yo.
◼ Men tit diskou espesyal pou epòk Memoryal ane 2011 lan: “Èske prensip ki nan Bib la ka ede nou fè fas ak pwoblèm n ap rankontre jodi a?”
◼ Ane sa a Memoryal la ap fèt dimanch 17 avril. Yo pa dwe fè okenn lòt reyinyon jou sa a eksepte reyinyon pou predikasyon. Kongregasyon ki gen reyinyon jou sa a dwe fè reyinyon yon lòt jou nan semèn nan. Nan ka kote gen plizyè kongregasyon ki reyini nan menm Sal Wayòm nan e yo pa ka fè reyinyon yon lòt jou, frè yo ka anile reyinyon yo. E nan ka sa a, nou ankouraje fanmi yo pou yo egzamine etid Toudegad la ansanm pandan sware adorasyon an fanmi an.