BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/11 p. 4
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2011
Ministè Wayòm nan — 2011
km 3/11 p. 4

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an mas: Ki sa Labib anseye toutbonvre? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik ak moun nou kite liv la oubyen ak moun ki deja genyen l. Avril ak me: Toudegad ak Réveillez-vous! Lè nou retounen al vizite moun ki enterese yo, san wete moun ki te vini nan Memoryal la oswa moun ki te vin asiste yon lòt pwogram teyokratik men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a nan objektif pou nou kòmanse yon etid biblik avèk yo. Jen: Ki sa Labib anseye toutbonvre? Si moun nan genyen l deja, ofri l nenpòt liv 192 paj ki gen po mou oswa nenpòt liv ki te parèt anvan ane 1995.

◼ Lè n ap preche yon moun ki pale chinwa, nou ka montre moun nan paj ki nan liv Une bonne nouvelle pour des gens de toutes nations an ki gen tèks chinwa (orijinal la) (CH) ak tèks chinwa (senplifye a) (CHS). Moun nan ap di nou kiyès nan lang sa yo li prefere li. An jeneral, moun ki sot Ong Kong oubyen moun ki sot Taywann konn prefere li piblikasyon ki nan lang chinwa (orijinal la) (CH), byenke, an jeneral, moun ki sot an Chin yo prefere li nan lang chinwa (senplifye a) (CHS). Men, kanta pou kasèt videyo yo oubyen kasèt odyo yo, nou dwe pran an konsiderasyon dyalèk moun nan pale ak dyalèk li pi byen konprann nan. Nòmalman, moun ki soti ni an Chin ni Taywann konprann chinwa (mandaren) (CHM), tandiske moun ki sot Ong Kong konprann chinwa (kantonè) (CHC).

◼ N ap egzamine DVD ki gen tit: Les Témoins de Jéhovah: organisés pour proclamer la bonne nouvelle la, nan yon reyinyon sèvis nan mwa out la. Si sa nesesè, osito sa posib, nou ka fè kòmann pou DVD a nan kongregasyon nou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje