BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/11 p. 8
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2011
Ministè Wayòm nan — 2011
km 4/11 p. 8

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri ann avril ak me: Toudegad ak Réveillez-vous! Lè nou retounen al vizite moun ki enterese yo, san wete moun ki te vini nan Memoryal la oswa moun ki te vin asiste yon lòt pwogram teyokratik men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a nan objektif pou nou kòmanse yon etid biblik avèk yo. Jen: Ki sa Labib anseye toutbonvre? Si moun nan genyen l deja, ofri l nenpòt liv 192 paj ki gen po mou oswa nenpòt liv ki te parèt anvan ane 1995.

◼ Nou ka fè modifikasyon nan pwogram pou reyinyon sèvis la nan semèn anvan nou asiste kongrè distri a, dekwa pou nou fè revizyon sou konsèy ak rapèl yo bay pou kongrè a. Yon mwa oubyen de mwa apre kongrè a, nou ka pran tan ki rezève pou bezwen kongregasyon an pou nou fè yon ti pale sou pwen pwoklamatè yo te note nan kongrè a, pwen yo te twouve ki itil yo nan ministè a.

◼ Apati mwa me tout kongregasyon yo dwe sèvi ak premye samdi chak mwa pou yo kòmanse etid biblik ak moun nan tèritwa a. Yo fè ribrik ki parèt nan Toudegad nou prezante piblik la, ribrik ki gen tit “Kite Pawòl Bondye a anseye w”, pou ede pwoklamatè yo kòmanse etid biblik. Nan dènye paj chak Ministè Wayòm, n ap jwenn kèk modèl prezantasyon pou mwa a e y ap tou sijere nou yon fason pou nou kòmanse yon etid biblik nan premye samdi mwa a.

◼ Nou byen kontan fè nou konnen Toudegad nou etidye nan kongregasyon an ap disponib an gwo lèt an kreyòl ayisyen apati nimewo 15 jiyè 2011 lan. San pèdi tan, frè ki responsab peryodik la ka itilize fòmilè M-202 a pou l fè kòmann pou pwoklamatè nan kongregasyon an ki bezwen Toudegad sa a, oubyen li ka fè kòmann nan sou sit jw.org la dirèkteman.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje