Èske w ka patisipe nan ministè a jou dimanch?
1. Ki sa nou aprann nan aksyon Pòl ak konpayon l yo te fè nan vil Filip?
1 Se te saba, yon jou kote pifò Juif nan vil Filip t ap repoze. Pòl ak konpayon l yo t ap vizite vil la pandan youn nan vwayaj misyonè li t ap fè. Pa gen moun ki t ap kritike yo si yo pa ta patisipe nan ministè a jou sa a pou yo te ka pran yon ti repo tou, yon repo yo t ap byen merite. Sepandan, yo te konnen jou sa a Juif yo te rasanble deyò vil la pou yo lapriyè, konsa yo te pwofite okazyon an pou yo preche moun yo. Se pa ti kontan Pòl ak konpayon l yo dwe te kontan lè Lidi te koute yo epi li menm ak tout moun lakay li te vin batize (Tra. 16:13-15)! Etandone, nan epòk pa nou an tou gen anpil moun ki ret lakay yo jou dimanch pou yo repoze, poukisa nou pa itilize jou sa a pou nou preche yo?
2. Ak ki difikilte sèvitè Jewova yo te fè fas pou yo te ka rive preche jou dimanch san pwoblèm?
2 Yo te lite pou yo preche jou dimanch: Nan ane 1927, sèvitè Jewova yo te jwenn ankourajman pou yo itilize yon pati nan tan yo chak dimanch pou yo patisipe nan ministè a. Sa te fè yo jwenn opozisyon menm kote a. Yo te arete anpil nan yo Ozetazini sou pretèks yo te vyole lwa sou dimanch saba a, yo twouble lapè moun, epi y ap mache vann liv san yo pa gen lisans pou sa. Men, sèvitè Jewova yo pa t dekouraje. Nan ane 1930 yo, yo te òganize yon seri kanpay yo te rele “campagnes divisionnaires”, kote pwoklamatè ki nan kongregasyon ki nan yon zòn te rankontre pou yo kouvri yon tèritwa. Nan kèk okazyon kote yo t ap arete pwoklamatè yo, yo te tèlman anpil otorite yo pa t ka anpeche yo preche. Èske w apresye sakrifis frè sa yo te fè pou nou ka preche jou dimanch san nou pa gen okenn pwoblèm?
3. Ki sa k fè dimanch se yon bon jou pou nou patisipe nan ministè a?
3 Se yon bon jou pou nou preche: Gen anpil moun ki ret lakay yo jou dimanch, yo pa al travay. An jeneral moun yo pi rilaks. Kèk fidèl ki mache legliz pi dispoze pale de Bondye jou sa a. Si se jou dimanch nou gen reyinyon nan kongregasyon nou, nou deja abiye yon fason kòrèk pou n al preche. Konsa, poukisa nou pa planifye pou n al nan predikasyon anvan n al nan reyinyon oubyen apre reyinyon? Si sa nesesè, nou ka pote yon ti bagay pou nou manje.
4. Ki jwa nou ka genyen si nou pase yon pati nan tan nou jou dimanch lan nan ministè a?
4 Si nou rezève yon pati nan tan nou genyen jou dimanch lan pou nou patisipe nan ministè a n ap toujou jwenn tan nou bezwen pou nou repoze. E pandan n ap repoze a n ap gen satisfaksyon dèske nou te patisipe nan sèvis sakre a (Pwo. 19:23). Nou ka menm gen lajwa pou nou rankontre yon moun ki tankou Lidi!