Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an jen: Ki sa Labib anseye toutbonvre? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse yon etid biblik ak moun yo depi premye fwa nou rankontre yo. Si moun nan deja gen liv la e li pa aksepte yon etid biblik, pwoklamatè yo ka ofri l yon ansyen peryodik oubyen nenpòt bwochi ki enterese l. Jiyè ak out: Nou ka ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo: Dieu se soucie-t-il vraiment de nous?; Doit-on croire à la Trinité?; Kontinye veye!; Le gouvernement qui établira le Paradis; Le nom divin qui demeure à jamais; Lè lanmò pase pran yon moun pa w...; Que devient-on quand on meurt?; Quel est le but de la vie? Comment le découvrir?; Viv alèz sou tè a pou toutan!; “Voici, je fais toutes choses nouvelles”. Li ta bon pou kongregasyon yo ofri bwochi yo plis gen nan stòk yo.
◼ Etandone nou nan sezon siklòn, nou ankouraje gwoup ansyen yo pou yo egzamine lèt 6 jiyè 2006 la nan yon diskou sou bezwen kongregasyon an. Lèt sa a, yo te voye bay tout kongregasyon yo ann Ayiti, pale sou fason nou ka prepare nou pou katastwòf natirèl.