Chif enteresan nan rapò sèvis la
Nou kontan fè nou konnen nou te gen yon nouvo maksimòm pou janvye: 16316 pwoklamatè. Chif sa a reprezante 7% akwasman sou mwayèn pwoklamatè ane pase a. Anplis, nou te gen kat gwo maksimòm nou potko janm gen anvan sa: 36 338 etid biblik, 128 521 vizit, 1 840 pyonye pèmanan ak 13 339 pwoklamatè. Pwoklamatè yo te pase 13,3 èdtan an mwayèn nan travay predikasyon an. Nan mwa sa a, pandan kanpay espesyal bwochi Lè lanmò pase pran yon moun pa w... la, nou te distribye 67 889 bwochi. Lòt bwochi yo te ladan l tou.