Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 29 out 2011, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la.
1. Nan ki sans bonte ki plen lanmou Bondye genyen an “pi bon pase lavi”? (Sòm 63:3) [w01-F 15/10 p. 15 § 17]
2. Ki sa Sòm 70 montre konsènan David? [w08 15/9 p. 4 § 4]
3. Sòm 75:5 avèti nou sou ki sa? [w06-F 15/7 p. 11 § 2]
4. Ki lè an patikilye nou ka atann pou Jewova koute priyè nou? (Sòm 79:9) [w06-F 15/7 p. 12 § 5]
5. Ki sa Sòm 90:7, 8 aprann nou konsènan “peche ki fèt an kachèt yo”? [w01-F 15/11 p. 12-13 § 14-16]
6. Selon pawòl ki nan Sòm 92:12-15, ki travay enpòtan yo bay moun ki granmoun yo nan kongregasyon an? [w04 1/6 p. 11-12 § 14-18]
7. Lè salmis lan te ekri pawòl ki nan Sòm 102:25-27, èske l te kontredi objektif Bondye genyen pou tè a, yon objektif ki la pou toutan? (Jen. 1:28) [w08-F 1/4 p. 12 § 1]
8. Nan Sòm 106:7, ki leson nou aprann lè yon moun montre li pa gen bon konprann? [w95-F 1/9 p. 19 § 4–p. 20 § 2]
9. Jan sa ekri nan Sòm 110:1, 4, ki sèman Jewova fè Desandans yo te pwomèt la, oubyen Mesi a. E ki jan sa pral pote benediksyon pou limanite? [cl-F p. 194 § 13]
10. Lè salmis la te medite sou byenfè li jwenn nan sèvis l ap bay Bondye a, ki efè sa te gen sou li? (Sòm 116:12, 14) [w09 15/7 p. 29 § 4-5]