Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri ann out: Nou ka ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo: Dieu se soucie-t-il vraiment de nous?; Doit-on croire à la Trinité?; Kontinye veye!; Le gouvernement qui établira le Paradis; Le nom divin qui demeure à jamais; Lè lanmò pase pran yon moun pa w...; Que devient-on quand on meurt?; Quel est le but de la vie? Comment le découvrir?; Viv alèz sou tè a pou toutan!; “Voici, je fais toutes choses nouvelles”. Li ta bon pou kongregasyon yo ofri bwochi yo gen plis nan stòk yo. Septanm: Ki sa Labib anseye toutbonvre? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik depi premye fwa nou rankontre moun yo. Si nou jwenn yon moun ki deja gen liv la, montre l ki jan li ka tire pwofi ladan l. Nou ka pran yon ti tan tou kout pou nou montre l ki jan yon etid biblik fèt. Oktòb: Toudegad ak Réveillez-vous! Si moun n al vizite yo enterese, ofri yo feyè Èske w ta renmen konn Verite a? epi egzamine l avèk yo nan objektif pou nou kòmanse etid biblik. Novanm: La Bible — Quel est son message?; Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire? Existent-ils vraiment?
◼ Pandan kèk reyinyon sèvis n ap gen pou nou egzamine de DVD. Men tit yo: Les Témoins de Jéhovah — La foi en action, 1re partie: La sortie des ténèbres ak Les merveilles de la création révèlent la gloire de Dieu. Si li nesesè, osito posib nou dwe fè demann DVD sa yo. N ap fè kòmann nan nan kongregasyon nou.