Chif enteresan nan rapò sèvis la
Sa fè twa mwa youn apre lòt nou atenn yon nouvo maksimòm nan kantite pwoklamatè nou genyen. Pou mwa mas la nou te anrejistre 16 412 pwoklamatè. Se premye fwa ann Ayiti nou anrejistre chif sa a. Frè ak sè ki demontre yon etadespri pyonye nan peyi a kontinye ogmante. Pou mwa mas la nou te atenn yon nouvo maksimòm nan kantite pyonye pèmanan yo, se 1 850.