BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/11 p. 4
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2011
Ministè Wayòm nan — 2011
km 9/11 p. 4

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an septanm: Ki sa Labib anseye toutbonvre? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik depi premye fwa nou rankontre moun yo. Si nou jwenn yon moun ki deja gen liv la, montre l ki jan li ka tire pwofi ladan l. Nou ka pran yon ti tan tou kout pou nou montre l ki jan yon etid biblik fèt. Oktòb: Toudegad ak Réveillez-vous! Si moun n al vizite a enterese, ofri l feyè Èske w ta renmen konn Verite a? epi egzamine l avèk li nan objektif pou nou kòmanse yon etid biblik. Novanm: La Bible — Quel est son message? Nou ka ofri bwochi Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire? Existent-ils vraiment? an ansanm avè l oubyen nou ka ofri l nan plas bwochi Message de la Bible la si nou pa genyen l.

◼ Y ap bay diskou espesyal pou epòk Memoryal 2012 la nan semèn 2 avril. Y ap voye tèm diskou sa a ban nou pi devan. Okenn kongregasyon pa dwe fè diskou espesyal la anvan Memoryal la.

◼ Pwoklamatè ki pran sèvis pyonye oksilyè pou mwa mas 2012 yo ap gen posiblite pou yo fè swa 30 èdtan swa 50 èdtan nan predikasyon pou mwa a. Mete sou sa, si siveyan sikonskripsyon an ap vizite kongregasyon an nan mwa mas la, tout moun ki pyonye oksilyè, kit se pou 30 èdtan kit se pou 50 èdtan, ap kapab asiste tout reyinyon siveyan sikonskripsyon an ap fè ak pyonye pèmanan yo.

◼ Nan mwa septanm nan, siveyan sikonskripsyon yo kòmanse bay diskou ki gen tit: “Annou ini ak pèp Bondye a ki gen kè kontan an.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje