Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 31 oktòb 2011, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la.
1. Poukisa nou dwe rete atache ak rapèl Jewova yo? (Sòm 119:60, 61) [w00-F 1/12 p. 14 § 3]
2. Ki leson nou ka aprann nan Sòm 133:1-3? [w06 1/9 p. 21 § 3]
3. Nan ki sans Jewova “egzamine” David e Jewova ‘mezire ni lè l ap vwayaje ni lè l kouche tou long’? (Sòm 139:1, 3) [w06 1/9 p. 21 § 6; w93-F 1/10 p. 11 § 6]
4. Anba ki kalite pwoblèm Jewova ap “soutni” sèvitè l yo oubyen l ap “redrese” yo? (Sòm 145:14) [w04 1/2 p. 14 § 11]
5. Ki jan mesye yo pale nan Pwovèb 6:12-14 la te konn aji ki fè yo konsidere l kòm yon voryen? [w00-F 15/9 p. 26 § 5-6]
6. Poukisa yon moun ki saj “aksepte kòmandman” Bondye bay? (Pwo. 10:8) [w01-F 15/7 p. 26 § 1]
7. Kòman moun ki saj yo montre yo pa menm ak moun ki ensanse yo nan fason yo reyaji lè moun joure yo oubyen lè moun kritike yo san rezon? (Pwo. 12:16) [w03-F 15/3 p. 27 § 3-4]
8. Nan ki sans yon atitid pozitif ka fè l posib pou nou “toujou ap fete”? (Pwo. 15:15) [w06-F 1/7 p. 16 § 6]
9. Ki sa ekspresyon “gen kè” a vle di, e nan ki sans moun ki gen kè a “renmen pwòp nanm li”? (Pwo. 19:8) [w99-F 1/7 p. 18 § 4; it-1-F p. 492 § 7]
10. Lè nou gen disènman kòman sa ka pwofitab pou moun nan fanmi nou? (Pwo. 24:3) [w06 1/10 p. 15 § 11; be-F p. 31 § 6]