Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri ann oktòb: Toudegad ak Réveillez-vous! Si moun n al vizite a enterese, ofri l feyè Èske w ta renmen konn Verite a? epi egzamine l avèk li nan objektif pou nou kòmanse yon etid biblik. Novanm: La Bible: Quel est son message? Nou ka ofri bwochi Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire? Existent-ils vraiment? an ansanm avè l oubyen nou ka ofri l nan plas bwochi Message de la Bible la si nou pa genyen l. Desanm: Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a. Si moun nou rankontre a gen timoun, n ap ofri l liv Koute gran Anseyan an. Janvye: Ki sa Labib anseye toutbonvre? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse yon etid biblik depi premye fwa nou rankontre moun yo. Si moun nou rankontre a deja gen liv la men li pa aksepte fè yon etid biblik, pwoklamatè yo ka ofri l yon ansyen peryodik oubyen nenpòt bwochi k ap enterese l.