Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an desanm: Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a. Si moun nou rankontre a gen timoun, n ap ofri l liv Koute gran Anseyan an oubyen Liv istwa biblik mwen an. Janvye: Ki sa Labib anseye toutbonvre? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse yon etid biblik depi premye fwa nou rankontre moun yo. Si moun nan deja gen liv la men li pa aksepte fè yon etid biblik, nou ka ofri l yon ansyen peryodik oubyen nenpòt bwochi k ap enterese l. Fevriye: Pwoklamatè yo ka ofri youn nan liv ki vin apre yo: Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous?, Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi, La Bible: Parole de Dieu ou des hommes? Mas: Ki sa Labib anseye toutbonvre? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse yon etid biblik depi premye fwa nou rankontre moun yo. Si moun nan deja gen liv la men li pa aksepte fè yon etid biblik, nou ka ofri l yon ansyen peryodik oubyen nenpòt bwochi k ap enterese l.
◼ Nan ane 2013 la, Memoryal la ap fèt madi 26 mas, apre solèy fin kouche.
◼ Men kongregasyon ki fèk fòme ann Ayiti: Babyòl (Kap Ayisyen); Kwadèboukè nò; Mibalè ès.