BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/12 p. 4
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2012
Ministè Wayòm nan — 2012
km 1/12 p. 4

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an janvye: Ki sa Labib anseye toutbonvre? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse yon etid biblik depi premye fwa nou rankontre moun yo. Si yon moun deja gen liv la men li pa aksepte fè yon etid biblik, nou ka ofri l yon ansyen peryodik oubyen nenpòt bwochi k ap enterese l. Fevriye: Pwoklamatè yo ka ofri youn nan piblikasyon sa yo: Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous?, Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi oswa La Bible: Parole de Dieu ou des hommes? Mas: Ki sa Labib anseye toutbonvre? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse yon etid biblik depi premye fwa nou rankontre moun yo. Si yon moun deja gen liv la men li pa aksepte fè yon etid biblik, nou ka ofri l yon ansyen peryodik oubyen nenpòt bwochi k ap enterese l. Avril: Toudegad ak Réveillez-vous! Si moun n al vizite a enterese, ofri l feyè Èske w ta renmen konn Verite a? epi egzamine l avèk li nan objektif pou nou kòmanse yon etid biblik. Lè nou retounen al vizite moun ki te vini nan Memoryal la oswa moun ki te vin asiste yon lòt pwogram teyokratik men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a nan objektif pou nou kòmanse etid biblik ak yo.

◼ Apati mwa fevriye, siveyan sikonskripsyon yo ap bay yon nouvo diskou piblik ki gen tit: “Èske nou mete konfyans nou nan Jewova?”

◼ Apati 1yè fevriye 2012, edisyon Toudegad yo fè pou piblik la ap gen yon ribrik ki gen tit: “M ap aprann nan Bib la.” Yo fè ribrik sa a pou paran yo egzamine l ak pitit yo ki nan laj twazan oubyen ki pi piti. Konsa yo ka chanje sijè, yon fwa pou ribrik sa a, yon fwa pou ribrik ki gen tit: “Anseye pitit ou” a e yon lòt fwa pou ribrik ki gen tit: “Pou jèn yo.”

◼ Men Sal Wayòm ki fèk konstwi oubyen ki fèk renove: Aken, Ti Plas Kazo, Vyalè.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje