BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/12 p. 3
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2012
Ministè Wayòm nan — 2012
km 2/12 p. 3

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 27 fevriye 2012, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Yo bay dat y ap egzamine sijè yo dekwa pou nou fè rechèch lè n ap prepare pou Lekòl la chak semèn.

1. Èske li kòrèk pou nou di se mizèrikòd Jewova gen lakay li ki tanpere jistis li? (Iza. 30:18) [9 jan., w02-F 1/3 p. 30]

2. Lefètke yo te retire Chebna nan fonksyon entandan li te ye a, ki leson nou aprann nan sa? (Iza. 36:2, 3, 22) [16 jan., w07-F 15/1 p. 8 § 6]

3. Ki sa nou ka aprann nan istwa nou jwenn nan Izayi 37:1, 14-20 sou fason pou nou fè fas ak detrès? [16 jan., w07-F 15/1 p. 9 § 1-2]

4. Nan ki sans egzanp yo bay nan Izayi 40:31 an ankouraje sèvitè Jewova yo? [23 jan., w96-F 15/6 p. 10-11]

5. Talè konsa, ki atak sèvitè Jewova yo pral sibi ki fè pawòl ki nan Izayi 41:14 la vrèman ankourajan pou yo jodi a? [23 jan., ip-2-F p. 24 § 16]

6. Kòman nou ka montre Jewova n ap “pousuiv jistis”? (Iza. 51:1) [6 fev., ip-2-F p. 165 § 2]

7. “Anpil moun” yo mansyone nan Izayi 53:12 la, kiyès yo ye, e ki leson touchan nou aprann sou Jewova nan fason li te boule ak moun sa yo? [13 fev., ip-2-F p. 213 § 34]

8. Ki eksperyans sèvitè Jewova yo fè pandan dènye jou yo Izayi 60:17 te dekri yon fason senbolik? [20 fev., ip-2-F p. 316 § 22]

9. Ki sans ekspresyon “ane byenveyans lan” genyen, yon ane Jezi ak disip li yo te resevwa misyon pou yo pwoklame? (Iza. 61:2) [20 fev., ip-2-F p. 324-325 § 7-8]

10. Sou ki kalite estrawòdinè Jewova genyen pawòl ki nan Izayi 63:9 la mete aksan? [27 fev., w03 1/7 p. 30 § 22-23]

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje