Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an fevriye: Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous?, Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi oswa La Bible: Parole de Dieu ou des hommes? Pwoklamatè yo ka ofri youn nan piblikasyon sa yo. Mas: Ki sa Labib anseye toutbonvre? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse yon etid biblik depi premye fwa nou rankontre moun yo. Si moun nan deja gen liv la men li pa aksepte fè yon etid biblik, nou ka ofri l yon ansyen peryodik oubyen nenpòt bwochi k ap enterese l. Avril ak me: Toudegad ak Réveillez-vous! Si moun n al vizite a enterese, ofri l feyè Èske w ta renmen konn Verite a? epi egzamine l avèk li nan objektif pou nou kòmanse yon etid biblik. Lè nou retounen al vizite moun ki te vini nan Memoryal la oswa moun ki te vin asiste yon lòt pwogram teyokratik men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a nan objektif pou nou kòmanse etid biblik ak yo.
◼ Men tit diskou yo pral bay nan wikenn apre Memoryal la: “Èske lafen an pa pi pre pase sa n panse?”
◼ Si w planifye pou w al vizite yon peyi ki pa gen non l ekri apa sou lis rapò sèvis ki pi resan an oubyen yo pa mete adrès peyi sa a sou dènye paj Annuaire ki pi resan an, silvouplè, kontakte biwo filyal ki nan peyi kote w ye a pou w ka konnen ki prekosyon ou bezwen pran oubyen ki enstriksyon espesyal ou bezwen suiv. Travay predikasyon nan zòn sa yo ka anba kèk entèdiksyon (Mat. 10:16). Nan kèk peyi, li pi bon pou moun k ap vizite yo pa pran kontak ak Temwen Jewova ki nan zòn nan oubyen ak kongregasyon yo. Biwo filyal la ka ba w lòt enfòmasyon ki gen rapò ak temwayaj enfòmèl oubyen enfòmasyon sou fason pou w vwayaje avèk piblikasyon yo. Si w suiv enstriksyon yo bay, sa ap anpeche w gen pwoblèm pou granmesi nan peyi w ap vizite a oubyen sa ap anpeche w bay moun k ap patisipe nan travay Wayòm nan nan peyi sa yo pwoblèm. — 1 Kor. 14:33, 40.
◼ Men kongregasyon ki fèk fòme ann Ayiti: Basilo (Dèlma); Fleryo (Taba); Jakmèl ès (Jakmèl); Lafosèt (Kap Ayisyen).