BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/12 p. 4
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2012
Ministè Wayòm nan — 2012
km 3/12 p. 4

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an mas: Ki sa Labib anseye toutbonvre? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse yon etid biblik depi premye fwa nou rankontre moun yo. Si moun nan deja gen liv la men li pa aksepte fè yon etid biblik, nou ka ofri l yon ansyen peryodik oubyen nenpòt bwochi k ap enterese l. Avril ak me: Toudegad ak Réveillez-vous! Si moun n al vizite a enterese, ofri l feyè Èske w ta renmen konn Verite a? epi egzamine l avèk li nan objektif pou nou kòmanse yon etid biblik. Lè nou retounen al vizite moun ki te vini nan Memoryal la oswa moun ki te vin asiste yon lòt pwogram teyokratik men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a nan objektif pou nou kòmanse etid biblik ak yo. Jen: Ki sa Labib anseye toutbonvre? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse yon etid biblik depi premye fwa nou rankontre moun yo. Si moun nan deja gen liv la men li pa aksepte fè yon etid biblik, nou ka ofri l yon ansyen peryodik oubyen nenpòt bwochi k ap enterese l.

◼ Ane sa a, n ap fè Memoryal la 5 avril 2012. Si kongregasyon nou an gen reyinyon nan jedi, nou dwe fè reyinyon an yon lòt jou nan semèn nan. Si li pa posib pou nou fè reyinyon nan Sal Wayòm nan e sa afekte reyinyon sèvis la, nou dwe pran pati ki vrèman nesesè pou kongregasyon an epi mete yo nan yon lòt reyinyon sèvis.

◼ N ap egzamine DVD ki gen tit: Les jeunes s’interrogent... Comment se faire de vrais amis? ak Les jeunes s’interrogent... Que vais-je faire de ma vie? nan kèk reyinyon sèvis nou pral genyen. Si sa nesesè, osito sa posib, nou ka fè kòmann DVD sa yo nan kongregasyon nou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje