Anons
◼ Avril ak me: Toudegad ak Réveillez-vous! Si moun n al vizite a enterese, ofri l feyè Èske w ta renmen konn Verite a? epi egzamine l avèk li nan objektif pou nou kòmanse yon etid biblik. Lè nou retounen al vizite moun ki te vini nan Memoryal la oswa moun ki te vin asiste yon lòt pwogram teyokratik men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a nan objektif pou nou kòmanse etid biblik ak yo. Jen: Ki sa Labib anseye toutbonvre? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse yon etid biblik depi premye fwa nou rankontre moun yo. Si yon moun deja gen liv la men li pa aksepte fè yon etid biblik, nou ka ofri l yon ansyen peryodik oubyen nenpòt bwochi k ap enterese l. Jiyè ak out: Nou ka ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo: Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie; Dieu se soucie-t-il vraiment de nous?; Èske w jwenn wout lavi ki pap janm fini an?; Kontinye veye!; La Bible — Quel est son message?; Lè lanmò pase pran yon moun pa w...; Ou kapab vin zanmi Bondye!; Un livre pour tous. Lè n ap fè yon nouvèl vizit nou ka ofri moun nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a oubyen si nou wè youn nan bwochi sa yo Koute Bondye oubyen Koute Bondye pou w viv pou toutan ap pi apwopriye pou moun nan, ofri l li pito, epi fè efò pou nou kòmanse yon etid biblik.
◼ Nou ka fè modifikasyon nan pwogram pou reyinyon sèvis la nan semèn anvan nou asiste kongrè distri a, dekwa pou nou fè revizyon sou konsèy ak rapèl yo bay pou kongrè a. Yon mwa oubyen de mwa apre kongrè a, nou ka pran tan ki rezève pou bezwen kongregasyon an pou nou fè yon ti pale sou pwen pwoklamatè yo te note nan kongrè a, pwen yo te twouve ki itil yo nan ministè a.
◼ Lè yon moun prevwa vwayaje nan yon lòt peyi e li planifye pou l al asiste kongrè distri a l ap jwenn enfòmasyon sou kongrè yo sou sit jw.org la, nan antre “Consultation”, apre sa l ap chwazi fenèt “Assemblées”.