Pwen enteresan nan rapò sèvis la
Pou mwa novanm 2011 nou te anrejistre yon nouvo maksimòm nan kantite pyonye pèmanan yo, chif la se 1 983. Nou te plase 44 737 liv ak bwochi, te gen 16 pousan akwasman parapò ak novanm ane pase. Kantite peryodik nou te kite pou moun yo ogmante, te gen 22 pousan akwasman parapò ak novanm ane pase. Kantite nouvèl vizit yo ogmante tou, nou te gen 21 pousan akwasman, sa montre pwoklamatè yo kontinye pousuiv enterè moun yo demontre.