Se pou n aji avèk pridans lè nou nan predikasyon
1. Poukisa nou dwe aji avèk pridans lè nou nan predikasyon?
1 Sèvitè Bondye yo tankou “mouton nan mitan lou”, e y ap preche “nan mitan yon jenerasyon ki kwochi e ki kòwonpi”. (Mat. 10:16; Fil. 2:15.) Lè nou tande move nouvèl yo bay sou bagay k ap pase nan anpil peyi, tankou, jan li kouran pou moun fè gwo manifestasyon, pou gwoup moun fè vyolans e pou moun kidnape lòt moun, tout sa montre jan moun ki mechan yo “vin pi mal toujou”. (2 Tim. 3:13.) Ki prensip biblik si nou suiv yo k ap ede n ‘aji avèk pridans’ lè nou nan predikasyon? — Mat. 10:16.
2. Ki sitiyasyon ki ka fè l nesesè pou nou kite yon zòn epi n al preche nan yon lòt tèritwa?
2 Aji avèk bonsans: Pwovèb 22:3 montre sajès yon moun genyen lè l “kouri kache” paske li wè malè. Se pou nou toujou veyatif! Sitiyasyon nan yon zòn nòmalman ki konn gen sekirite ka chanje sanzatann. Nou ka wè vin gen plis polisye nan zòn nan oubyen vin gen yon foul moun ki rasanble nan lari a. Pafwa yon bon moun nan vwazinaj la ka avèti nou pral gen dezòd. Olye nou rete nan zòn nan pou nou gade sa k ap pase, n ap montre nou gen bonsans lè nou kite zòn nan byen vit epi n al kontinye preche nan yon lòt tèritwa. — Pwo. 17:14; Jan 8:59; 1 Tes. 4:11.
3. Lè nou nan predikasyon, kòman nou ka aplike prensip ki nan Eklezyas 4:9 la?
3 Travay ansanm: Men sa Eklezyas 4:9 di: “De pi bon pase youn.” Se vre, nou ka gen abitid preche poukont nou san anyen pa rive nou. Men kounye a, èske pa gen okenn danje si nou fè sa? Nan kèk zòn, li ka rive nou fè sa san pwoblèm. Men nan kèk lòt zòn, kounye a, se ka yon danje pou yon sè oubyen yon jèn preche kay an kay poukont li, sitou lè solèy la fin kouche. Eksperyans yo montre li pi bon si nou gen yon patnè veyatif avèk nou (Ekl. 4:10, 12). Nou dwe toujou voye je sou lòt moun ki nan menm gwoup avè nou. Lè n ap kite tèritwa a, nou dwe toujou fè lòt moun konn sa.
4. Ki sa tout moun nan kongregasyon an ka fè pou yo pwoteje tèt yo lè yo nan predikasyon?
4 Piske ansyen yo se moun k ap “veye sou nanm nou”, se yo menm ki gen responsablite pou yo ban nou direksyon pratik selon sitiyasyon zòn nan (Ebre 13:17). Antanke kretyen, se pou nou gen modesti e se pou nou kowopere ak ansyen yo nan tout domèn, si nou fè sa, se sèten Jewova ap beni nou (Mika 6:8; 1 Kor. 10:12). Nou swete pou tout sèvitè Bondye yo bay yon bon temwayaj nan tèritwa yo, men yo dwe toujou fè sa avèk anpil pidans.