BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/12 p. 4
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2012
Ministè Wayòm nan — 2012
km 6/12 p. 4

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an jen: Ki sa Labib anseye toutbonvre? N ap fè yon efò espesyal pou nou kòmanse yon etid biblik depi premye fwa nou rankontre moun yo. Si moun nan deja gen liv la men li pa aksepte fè yon etid biblik, nou ka ofri l yon ansyen peryodik oubyen nenpòt bwochi k ap enterese l. Jiyè ak out: Nou ka ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo: Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie; Dieu se soucie-t-il vraiment de nous?; Èske w jwenn wout lavi ki pap janm fini an?; Kontinye veye!; La Bible — Quel est son message?; Lè lanmò pase pran yon moun pa w...; Ou kapab vin zanmi Bondye!; Un livre pour tous. Lè n ap fè yon vizit nou ka ofri moun nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a oubyen si nou wè youn nan bwochi sa yo Koute Bondye oubyen Koute Bondye pou w viv pou toutan ap pi apwopriye pou moun nan, ofri l li pito, epi fè efò pou nou kòmanse yon etid biblik. Septanm: Toudegad ak Réveillez-vous! Lè n ap fè yon vizit nou ka ofri moun nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a oubyen si nou wè youn nan bwochi sa yo Koute Bondye oubyen Koute Bondye pou w viv pou toutan ap pi apwopriye pou moun nan, ofri l li pito, epi fè efò pou nou kòmanse yon etid biblik.

◼ N ap egzamine DVD ki gen tit: Toute la communauté des frères la nan yon reyinyon sèvis nou pral genyen. Si sa nesesè, osito sa posib, nou ka fè kòmann DVD sa a nan kongregasyon nou.

◼ Etandone nou nan sezon siklòn, nou ankouraje kongregasyon yo pou yo egzamine lèt 6 janvye 2012 la nan yon diskou sou bezwen kongregasyon an. Lèt sa a, yo te voye bay tout gwoup ansyen yo, pale sou fason nou ka prepare nou pou nou fè fas ak katastwòf. Li ranplase lèt 6 jiyè 2006 la.

◼ N ap fè nou konnen apati janvye 2013, Toudegad yo fè pou piblik la ap parèt chak mwa menm jan ak anglè a an kreyòl ayisyen.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje