Pwen enteresan nan rapò sèvis la
Gen plizyè santèn ansyen ki te asiste lekòl pou ansyen yo nan mwa jen. Li vrèman ankourajan pou nou konnen pou menm mwa sa a te gen yon akwasman 35 pousan nan kantite peryodik nou te plase parapò ak mwa jen ane pase. Pou menm peryòd la, te gen 13 pousan akwasman nan kantite vizit yo e te gen 9 pousan akwasman nan kantite etid biblik yo.