Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri nan mwa desanm: Pwoklamatè yo ka ofri youn nan feyè sa yo: Èske w ta renmen konn verite a?; Jéhovah: Qui est-il?; Jésus Christ: Qui est-il?; Tout soufrans pral fini talè konsa! Si moun nan enterese, sèvi ak liv Sa Labib anseye a pou nou kòmanse yon etid biblik oubyen sèvi ak youn nan bwochi sa yo Koute Bondye oubyen Koute Bondye pou w viv pou toutan. Janvye ak fevriye: Nou ka ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo: Èske w jwenn wout lavi ki pap janm fini an?; La Bible — Quel est son message?; Lè lanmò pase pran yon moun pa w...; Ou kapab vin zanmi Bondye!; Un livre pour tous. Lè n ap fè yon vizit, nou ka ofri moun nan liv Sa Labib anseye a oubyen si nou wè youn nan bwochi sa yo Koute Bondye oubyen Koute Bondye pou w viv pou toutan ap pi apwopriye pou moun nan, ofri l li pito, epi fè efò pou nou kòmanse yon etid biblik. Mas: Toudegad ak Réveillez-vous! Lè n ap fè yon vizit nou ka ofri moun nan liv Sa Labib anseye a oubyen si nou wè youn nan bwochi sa yo Koute Bondye oubyen Koute Bondye pou w viv pou toutan ap pi apwopriye pou moun nan, ofri l li pito, epi fè efò pou nou kòmanse yon etid biblik.
◼ Nan ane 2014 la, Memoryal la ap fèt lendi 14 avril apre solèy fin kouche.
◼ Pwoklamatè ki pran sèvis pyonye oksilyè pou mwa mas 2013 la ap gen posiblite pou yo fè swa 30 èdtan swa 50 èdtan nan predikasyon pou mwa a. Mete sou sa, si siveyan sikonskripsyon an ap vizite kongregasyon an nan mwa mas la, tout moun ki pyonye oksilyè ap ka asiste tout reyinyon siveyan sikonskripsyon an ap fè ak pyonye pèmanan yo.
◼ Nou vle fè tout moun ki enterese yo konnen Lekòl biblik pou mari ak madanm ki kretyen yo ap fèt an kreyòl ayisyen tou. Yo pa oblije konn pale anglè ak espayòl pou yo ka enskri nan lekòl sa a.