Pwen enteresan nan rapò sèvis la
Li ankourajan pou n konnen nan peyi d Ayiti, nan mwa jiyè 2012 la, te gen yon akwasman 9 pousan nan kantite vizit nou te fè parapò ak jiyè 2011. Pou menm mwa a, te gen 5 pousan akwasman nan kantite etid biblik yo. Te gen 17 pousan nan pwoklamatè yo ki te patisipe nan yon fòm sèvis aplentan. Antou te gen 272 moun ki te batize nan menm mwa sa a.