Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 31 desanm 2012, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Yo tou bay dat yo egzamine chak sijè dekwa pou nou ka fè rechèch sou yo lè n ap prepare Lekòl la chak semèn.
1. Kòman pwofesi nou jwenn nan Yowèl 2:1-10, 28 ki gen rapò ak ensèk ki te anvayi peyi a te akonpli? [5 nov., w07-F 1/10 p. 13 § 1]
2. Sou ki sa pawòl nou jwenn nan Amòs 8:11 lan akonpli, e ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou etandone n ap viv nan abondans nan domèn espirityèl? [12 nov., jd-F p. 60-61 § 9]
3. Ki sa k te fè Edomit yo gen awogans nan kè yo, e ki sa nou pa dwe janm bliye? (Oba. 3, 4) [19 nov., w07 1/11 p. 9 § 1]
4. Nan ki sans Jewova te regrèt kalamite li te di li t apral lage sou Ninivit yo? (Yona 3:8, 10) [19 nov., w07 1/11 p. 9 § 14]
5. Lè nou mache nan non Bondye, kòman sa ka fè amitye nou ak Bondye vin pi solid? (Mika 4:5) [26 nov., jd-F p. 88 § 12]
6. Ki asirans akonplisman pwofesi nou jwenn nan Nawoum 2:6-10 la ban nou? [3 des., w07 1/12 p. 9 § 2; w88-F 15/2 p. 28 § 7]
7. Ki sa Agayi 1:6 vle di, e ki leson nou jwenn ladan l nou dwe pran trèzoserye? [10 des., w06 1/5 p. 10 § 12-15]
8. Ki jan nou ka aplike konsèy nou jwenn nan Zekarya 7:10 la ki mande nou pou nou “pa fè okenn plan nan kè nou kont lòt moun pou nou fè yo bagay ki mal”? [17 des., jd-F p. 113 § 6; w07 1/12 p. 18 § 3]
9. Poukisa pawòl ki nan Zekarya 4:6, 7 la rekonfòte moun k ap adore Jewova jodi a? [17 des., w07 1/12 p. 18 § 1]
10. Selon sa nou li nan Malaki 3:16, poukisa nou pa dwe janm febli nan detèminasyon nou pran pou nou kenbe entegrite nou devan Bondye? [31 des., w07 15/12 br-1 p. 31 § 2]