Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri nan mwa mas ak avril: Toudegad ak Réveillez-vous! Lè n ap fè yon vizit nou ka ofri moun nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a oubyen si nou wè youn nan bwochi sa yo Koute Bondye oubyen Koute Bondye pou w viv pou toutan ap pi apwopriye pou moun nan, ofri l li pito, epi fè efò pou nou kòmanse yon etid biblik. Me ak jen: Pwoklamatè yo ka ofri youn nan feyè sa yo: Èske w ta renmen konn Verite a?, Jéhovah: qui est-il?, Jésus Christ: qui est-il?, Tout soufrans pral fini talè konsa! Si moun nan enterese, sèvi ak liv Sa Labib anseye a pou nou kòmanse yon etid biblik oubyen sèvi ak youn nan bwochi sa yo Koute Bondye oubyen Koute Bondye pou w viv pou toutan.
◼ Ane sa a, n ap fè Memoryal la madi 26 mas 2013. Si kongregasyon nou an gen reyinyon nan madi, nou dwe fè reyinyon an yon lòt jou nan semèn nan depi Sal la lib. Si yo oblije anile reyinyon sèvis la, kowòdonatè gwoup ansyen an ka fè chanjman nan pwogram reyinyon yo pou yo ka fè pati ki vrèman nesesè pou kongregasyon an yon lòt lè nan mwa a. Kongregasyon ki gen vizit siveyan sikonskripsyon yo dwe repwograme reyinyon madi swa a pou yon lòt jou nan menm semèn vizit la.