Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri ann avril: Toudegad ak Réveillez-vous! Lè n ap fè yon vizit nou ka ofri moun nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a oubyen si nou wè youn nan bwochi sa yo Koute Bondye oubyen Koute Bondye pou w viv pou toutan ap pi apwopriye pou moun nan, ofri l li pito, epi fè efò pou nou kòmanse yon etid biblik. Me ak jen: Pwoklamatè yo ka ofri youn nan feyè sa yo: Èske w ta renmen konn Verite a?, Jéhovah: qui est-il?, Jésus Christ: qui est-il?, Tout soufrans pral fini talè konsa! Si moun nan enterese, sèvi ak liv Sa Labib anseye a pou nou kòmanse yon etid biblik oubyen sèvi ak youn nan bwochi sa yo Koute Bondye oubyen Koute Bondye pou w viv pou toutan. Jiyè: Bon nouvèl Bondye bay la! oubyen youn nan bwochi 32 paj sa yo: Koute Bondye oubyen Koute Bondye pou w viv pou toutan.
◼ Nou ka fè modifikasyon nan pwogram pou reyinyon sèvis la nan semèn anvan nou asiste kongrè distri a, dekwa pou nou fè revizyon sou konsèy ak rapèl ki konsène kongrè a nou te egzamine nan reyinyon ki te fèt semèn 22 avril la. Yon mwa oubyen de mwa apre kongrè a, nou ka pran tan ki rezève pou bezwen kongregasyon an pou nou fè yon ti pale sou pwen pwoklamatè yo te note nan kongrè a, pwen yo te twouve ki itil yo nan ministè a.
◼ Si w ap planifye pou w vwayaje epi ou prevwa al asiste kongrè distri a nan yon lòt peyi, w ap jwenn enfòmasyon k ap itil ou sou sit www.pr2711.com la lè w ale nan seksyon “Enfòmasyon sou nou” epi klike sou “Kongrè yo”.
◼ Vandredi 10 me 2013, filyal la ap fèmen pou netwayaj prentan menm jan ak Etazini ak Kanada. Jou sa a, li pap posib pou moun vizite filyal la.