Pwen enteresan nan rapò sèvis la
Gen prèske 18 000 pwoklamatè ann Ayiti. Kantite etid biblik yo te kondui nan mwa novanm 2012 la plis pase de fwa kantite pwoklamatè yo. Anplis de sa, rive 31 desanm 2012, yo deja apwouve sèt nouvo kongregasyon. Dènye kongregasyon yo te apwouve a te gen 397 moun nan vizit siveyan sikonskripsyon an anvan yo sende.