Pwen enteresan nan rapò sèvis la
Nou kontan fè nou konnen nou te anrejistre sis nouvo maksimòm nan mwa mas la. N ap atire atansyon nou sou kat ladan yo. Te gen 18 754 pwoklamatè, 42 261 etid biblik. Te gen 9 221 pwoklamatè ki te sèvi swa nan yon fòm sèvis aplentan swa yo te pyonye oksilyè pou mwa a. Chif sa a reprezante 49 pousan nan kantite pwoklamatè ki gen nan peyi a. Anplis, te gen 79 677 moun ki te asiste Memoryal lanmò Kris. Chif sa a reprezante 10,2 pousan akwasman parapò ak ane pase. Premye klas “Lekòl pou mari ak madanm ki kretyen yo” te gradye 31 mas 2013. Yo te fè lekòl la an Repiblik Dominikèn. Te gen 405 moun ki te asiste gradyasyon an.