BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/13 p. 7
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2013
Ministè Wayòm nan — 2013
km 12/13 p. 7

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 30 desanm 2013, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Yo bay dat y ap egzamine sijè yo dekwa pou nou fè rechèch lè n ap prepare pou lekòl la chak semèn.

1. Ki sa k ap ede nou demontre dousè lè n ap pale ak otorite yo? (Tit 3:2) [4 nov., w03 1/4 p. 29 § 18-19]

2. Ki sa nou aprann nan pawòl apot Pòl te di Filemon nan Filemon 4, 5 ak 7 la? [4 nov., w08 15/10 p. 31 § 1, 2; w92-F 15/4 p. 25 § 2]

3. Ki sa nou ka fè pou nou antre nan repo Bondye a? (Ebre 4:9-11) [11 nov., w11 15/7 p. 28 § 16, 17]

4. Ki sa nou aprann nan egzanp Samyèl, jij fidèl yo ak pwofèt ki te “aji avèk jistis” yo? (Ebre 11:32, 33) [18 nov., w11-F 1/1 p. 25 § 5, 6]

5. Poukisa Jak te ekri “sajès ki sot anwo a se yon sajès toudabò ki pwòp, ansuit ki renmen lapè”? (Jak 3:17) [25 nov., w11 15/8 p. 30-31 § 15]

6. Ki moun sa yo ‘ki te mouri’ e yo te ‘anonse yo bon nouvèl la’? (1 Pyè 4:6) [2 des., w08 15/11 p. 21 § 7]

7. Selon 1 Jan 2:7, 8, ki kòmandman Jan di ki “ansyen” e ki “nouvo” anmenmtan? [9 des., w08 15/12 p. 27 § 6]

8. Kiyès ki pote tit “Alfa a ak Omega a” ak tit “Premye a ak Dènye a”? (Rev. 1:8, 17) [16 des., w09 15/1 p. 30 § 6]

9. Site de faz ki gen nan travay “poze so” sou kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo. (Rev. 7:3) [23 des., w07-F 1/1 p. 31 § 2]

10. Poukisa nou ka sèten tout benediksyon yo predi nou pral jwenn anba dominasyon Wayòm nan ap vin yon reyalite e nan ki sans konesans sa a gen efè sou nou? (Rev. 21:5, 6) [30 des., re-F p. 304 § 9]

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje