Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 24 fevriye 2014, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la.
Sou ki sa Satan te fè Èv ret konsantre, e ki sa Èv te montre lè l te manje fwi li pa t dwe manje a? (Jen. 3:6) [6 jan., w11 15/5 p. 16-17 § 5]
Ki sa petèt ki te fè Abèl vin gen yon lafwa solid konsa, e ki rezilta sa te bay? (Jen. 4:4, 5; Ebre 11:4) [6 jan., w13 1/1 p. 12 § 3; p. 14 § 4-5]
Ki jan paran yo ka anpeche pitit yo admire gason ki “vanyan” ak gason anpil moun ap “nonmen non yo” nan monn nan? (Jen. 6:4) [13 jan., w13 1/4 p. 13 § 2]
Ki sa n ka aprann nan istwa Lòt ak madanm li an jan yo rapòte sa nan Jenèz 19:14-17 ak vèsè 26 la? [27 jan., w03 1/1 p. 26-27 § 20]
Ki fason Abraram te montre l gen lafwa nan esperans rezirèksyon an ansanm ak pwomès Jewova te fè l lè l te di desandans Abraram nan t ap soti nan Izarak? (Jen. 22:1-18) [3 fev., w09 1/4 p. 15 § 4]
Bay kèk verite enpòtan nou ka aprann nan pwofesi nou jwenn nan Jenèz 25:23 a ki fè konnen “pi gran an pral sèvi pi piti a”. [10 fev., w03-F 15/10 p. 29 § 2]
Ki siyifikasyon rèv Jakòb te fè kote l te wè sa kèk tradiksyon Labib rele yon nechèl la genyen? (Jen. 28:12, 13) [10 fev., w04 1/3 p. 31 § 4]
Poukisa Labàn te bay tèt li anpil pwoblèm pou l te rejwenn terafim nan? (Jen. 31:30-35) [17 fev., it-2-F p. 100 § 1]
Ki sa nou aprann nan sa zanj lan te di Jakòb nou jwenn nan Jenèz 32:29 la? [24 fev., w13 1/8 p. 10]
Bay yon fason nou ka evite sibi menm konsekans Dina te sibi yo. (Jen. 34:1, 2) [24 fev., w01-F 1/8 p. 20-21]