Pwen enteresan nan rapò sèvis la
Lè n konpare rapò sèvis pou mwa oktòb la ak rapò pou mwa oktòb ane pase a, nou wè nou te kondui plis pase 2 300 etid biblik anplis parapò ak kantite nou te kondui nan mwa oktòb ane pase a ann Ayiti. Nou gen konfyans Bondye pral fè verite a grandi nan kè moun sensè sa yo ki te kontan koute mesaj la! Anplis de sa, pou mwa oktòb 2013 la, biwo filyal Etazini an fè konnen te gen 7 437 pwoklamatè k ap preche nan tèritwa kreyòl ki sou kont li an. Gen 1 070 pwoklamatè pami yo k ap sèvi kòm pyonye pèmanan.